KategoriTout Piblikasyon

Ma demwazèl fransè pa pwoblèm Ayiti

image

Nan plizyè video sou rezo sosyal yo (Sitou sou paj: Color of Hope – Investing in People)  Anbasadris “Marli” ap mennen yon kanpay kont fransè an Ayiti.  Demwazèl la di ke fransè se yon pwoblèm pou Ayiti – Solisyon li pwopoze se se Elimine fransè an Ayiti. Mwen reponn anbasadris la poum di’l

Ki sa pawòl sa vini chache la? Lèw finn elimine fransè a – Ou retire chans pou moun nan tou konnen lang sa saa lekòl depi’l tou piti. Apre sa lè moun nan finn gran sa ka rive ke li  pral oblije peye anpil lajan poul ka aprann pale lang sa – Sa pral koute lajan avèk anpil tan – Ayisyen gen gwo opòtònite sa pou aprann pale 2 lang depi yo piti – Ayisyen leve epi edike nan yon abyans bileng – Sa vin devlope yon fasilite kay ayisyen an pou’l aprann lòt lang rapid, rapid – Se youn nan bagay ke menm Repiblik dominikèn bannou respè pou sa.

Poukisa demwazèl la panse si yo elimine Fransè pwoblèm nou ap rezoud? Demwazèla la pale de konplèks ke sa krye kay moun ki pwofite pran fansè a pou fè chèlbè sou lòt moun ki pa konn pale fransè. Konplèks lap pale a, wi li te ekziste vre, Mwen menm aksepte di ke li la toujou – Men tout moun wè tou ke konplèks sa a ap bese de jou an jou, epi sonje ke moun konplekse pou tout bagay tankou koulè po, cheve siwo, yon bon dyòb, byen, yon bèl soulye, abiye, byen kanpe, Fòm dan, gwo tèt, gwo nen etc. Donk wap jwenn nan yon tan selon istwa peyi nou, gen moun ki pran fransè kom privilèj pou fè distans sosyal – Men, tan an evolye, jodi a nou jwenn sa mwens – Konnye a ni ti malere ni ti boujwa pale kreyòl tankou rat yo preske pa pale fransè ankò – Nan tan nou ye la a kreyòl antre ni nan lekòl ni nan inivèsite donk gen anpil konplèks ki tonbe – Epi demwazèl se konplese wap eseye konplekse moun tou lè wap di ke nou pa pale fransè vre, paske anpil fwa nou mele kêlke lòt mo ki pa fransè blan fransè nan fraz nap di a. Nan kote vènakilè oubyen kote popilè nan zafè pale yon lang wap toujou jwenn diferans an fonksyon de kilti ak sosyete moun nan ap viv la – Ekzanp wap wè menm nan pwogram òdinatè nan opsyon lang yo mete: anglè etazini – Anglè Ostrali – Anglè Canada – Espanyòl Espay – Espanyòl Kolonbi – Fransè Fransè, Fransè Haiti, Fransè Bèljik, Fransè Canada etc.

Al gade sou fwontyè 2 peyi wap jwenn moun yo devlope yon lòt lang kareman ki se melanj lang 2 peyi yo. Epi nan peyi amerik di sid yo, moun yo kareman devlope yon langaj ki rele Spanglish melanj panyòl ak anglè donk se nòmal wap jwenn sa nou rele kreyòl Fransize oubyen Fransè keyolize – Men sa pa vle di pwoblèm – Elimine fransè mwen pa wè ki solisyon lap pote – Epi si gen pwoblèm se ranje pou yo ranje’l – Se pa elimine ki solisyon pwoblèm – Haiti gen 2 lang ofisyèl – La suisse gen plis ke 4 –

Demwazèl mwen gen enpresyon ke ou gen yon mesaj oubyen yon fristrasyon ou vle fè pase pètèt a koz kèk move eksperyans ou viv, mwen sispèk sa sitou jan wap di ke ou meprize lang fransè a. Men tanpri souple kanpay sa a riske mete plis pwoblèm ke solisyon – Pito nou edike moun yo de preferans – Pou nou aprann yo ke lang pa chèlbè lang se zouti, langaj se pou kominikasyon epi pa dwe gen konplèks ni jije yon moun sou lang li pale – Se sa pou nou aprann yo – Moun ki kapab pale fransè pale fransè, moun ki kapab pale kreyòl pale kreyòl moun ki kapab pale 2 oubyen 4 lang pale, pale, pale.

Francklin Pierre
Promotè pou Divèsite Kiltirèl / Esponsò pou dyalòg Entèkiltirèl

Pou pwoteksyon kont maladi SIDA! Ekzanp pou lespwa !

20141130_120303_20141130231728170

Foto Francklin Pierre / Petion Ville Haiti

Dimanch 30 Novanm 2014, Plizyè dizèn jèn ak lòt sitwayen te mache nan Petyon Vil Ayiti, an favè pwoteksyon kont maladi sida. Pankat a la men plis eslogan ak chante k’ap motive moun pou yo pwoteje tèt yo. Defile a pase nan plizyè ri nan vil la, la vèy premye desanm ki se jounen mondyal kont  maladi SIDA.

Sa Se Bon lekzanp pou moun swiv, se bon moman pou nou voye bon jan konsèy bay tout moun ki santi yo konsène, pou yo pa neglije ede. Nenpòt ki mayen kapab itil, nenpòt ki fason nou kapab fè pase bon mesaj ak sansibilizasyon ki ka pouse  yon ou lòt pran konsyans devan danje maladi a, epi pran dispozisyon pou pwoteje ni tèt pa’l ni yon lòt.

Sonje sa, tout mwayen bon li te mèt se nan blag! Pa ezite fè mesaj la pase! Eske pawòl la pa di ke se nan blag yo abiye jwif ?

Francklin Pirre Tenyi II / Twitter: @Tenyi2

M’HOUUU ! / (REKÈY: Soti Yè Rive Nan Pwezi / OTÈ: Francklin Pierre)

forcover3writeJou solèy pa leve,

Jou nan nwit

Pa janm retornen.

Kouman n’ap ye?

 

Jou zetwal yo

Dekole, sot tonbe,

Jou pye bwa

pa leve,

kouman n’ap fè ?

 

jou fomi fou

vin tèt dwat,

jou jako

sispann pale,

sa n’ap di ?

 

Jou poul vin gen dan,

Zandolit tonbe manje kann,

Jou rat pa pè chat ankò

Kote’n prale ?

 

Bondye fè

Bondye se yon pye pitye

Si se pa’t sa… M’houuuu…

 

REKÈY: Soti Yè Rive Nan Pwezi / OTÈ: Francklin Pierre

LA LIN BARE ZETWAL (PWEZI KREYOL/ FRANCKLIN PIERRE)

coverexempdoneAba lapli nan peyi

Ki jouke sou pil wòch,

Nan savann kote fèy bwa

Mare goumen ak pousyè.

Anba kabann moun fou,

Ki pran lari gwo jounen.

Kay kòmè yaya

Kote ti moun

Pa vle ale fè komisyon.

 

Nan kanal kote dlo pa janm pase.

Nan touf pikan kwenna

Kote mabouya ap tire kont ak ti bwa.

Lalin kenbe zetwal

K’ap bouyi zen

Avèk ti limyè klou gagit.

Lalin bare zetwal tande!

Bann renmen zen, nou tande ?